Nòt ofisyèl sou enfòmasyon ki pa kòrèk ki ap sikile sou ProFin ak Prezidan Konsèy Administrasyon li a, Robert Paret Jr.

Petyonvil, 15 mas 2024

Chè Aksyonè, Kliyan ak Kolaboratè,

ProFin deside reponn a divès kesyon ki vini jwenn nou apre kèk enfòmasyon ki pa gen fondman tap sikile sou medya sosyal yo. Se poutèt sa nap pote klarifikasyon ak presizyon sila yo:

1. Ni ProFin, ni konpayi ki asosye avèk li, ni dirijan li yo, pa enplike ou ta enplike nan okenn negosyasyon, tranzaksyon oswa akò, ki gen rapò ak dèt peyi Dayiti ta gen a letranje.

2. Okenn administratè oswa dirijan ProFin, ni okenn nan fanmi pwòch yo, pa angaje nan operasyon min, operasyon rafinri oswa eksplorasyon petwòl an Ayiti oswa aletranje.

Si yon moun eseye asosye non ProFin oswa non dirijan li yo ak aktivite oswa ak tranzaksyon ki ta vle sanble ak sa nou ekri la yo, li fè gwo erè oswa li pa gen bon entansyon.

An nou raple, ProFin se yon Sosyete Pwomosyon Envestisman (Société de Promotion des Investissements) ki jwenn otorizasyon pou li fonksyone kòm enstitisyon finansyè nan men Bank Repiblik Dayiti (BRH) depi 7 mas 2016. ProFin fyè pou l bay aksè a solisyon envestisman modèn pou chak sitwayen. Se misyon sa a ProFin pral kontinye mennen pou kontribye, nan fason pa l, nan kreyasyon ak distribisyon richès pou tout kominote a.

Nou remèsye tout kliyan ak aksyonè nou yo ki pataje valè enstitisyon nou a. Se gras a yo, nou gen prèske 11 lane, nap fè « finans yon lòt jan® ».

Kòdyalman,

Robert Paret Jr.
Prezidan Konsèy Administrasyon
ProFin

Retour en haut